paragraf kache


Menu CSS

19/12/2011

Seksyon Biografi (New)

Nouvote

Sou blog sa a, depi kek mwa m te selman mete video kek atis rap kreyol ak konpa ki ap mennen. Men depi 2 semenn map travay sou blog la pou m amelyore l. M chanje aparans lan jan nou ka we sa, gen yon menu navigasyon pou fasilite nou navige ak yon bann lot opsyon anko.
Pami tout nouvo opsyon ki paret sou blog la depi yon ti tan, genyen ki vreman enteresan pou ede pwomote jenn atis yo. Nou genyen pa egzanp nouvo mizik jenn atis yo ki fek soti ke nou ka tande otomatikman le nou rive sou sit la. Anba chak video, biografi, oubyen nouvo mesaj ki poste, gen plizye bouton pataj ki pemet nou pataje video, foto, oubyen mesaj nou pi renmen yo sou lot sit de pataj oubyen sosyal tankou facebook, twitter, GMail ak Blogger. Tout sa se
anpil travay pou amelyore jan pwomosyon an ap fet.

Objektik

Nenpot bagay wap fe nan lavi, pou l vreman gen yon sans fok ou te gen yon objektif, yon kote ou vle ale, yon kote ou te vize. Sa a vle di paske m te chwazi kreye blog sa a, pliz-ou-mwen m te gen yon objektik. Men objektif mwen te geynyen nan komansman ane sa a le m te fek ap poste video sou blog la, yo double de-tan-zan-tan. Se souvan map panse koman pou m amelyore l, fe l pi bel, fe bagay yo pi byen e donk pou m gen plis vizite kap vin vizite l epi kap apresye travay mwen. Pandan map fe l pou m pwomote jenn atis, m'espere tou ap gen anpil je kap aprann apresye tout travay sa a, tout tan m pran, tout sakrifis mwen fe pou m reyalize l.

Aksesiblite

Men gen anpil moun m ki gen dwa ap poze tet yo kesyon tankou: Kom bagay blog sa a pa two komen nan milye Ayisyen an, eske li aksesib ak tout moun?
M vle fe nou konnen, WI, li aksesib ak tout moun. Ke se timoun, jenn, kou pesonaj, oubyen granmoun net, nou tout ka viv tout sa, oubyen majorite bagay kap pataje sou blog sa a. Sou yon lot pwen, si nou pa foure men nan pat la, lap pran anpil tan oubyen plis tan pase tan li ta sipoze pran an pou l atenn yon nivo ki estra-odine. Sa a vle di si nou gen ide sou koman m ka amelyore l e fe mesaj yo pase pi byen, nou byen vini. Gen plizye fason nou ka kontakte m si nou ta bezwen fe yon mesaj pase oubyen bay yon ide. Gen e-mail mwen goodreaon89@gmail.com nou ka ekri m sou li, kontakte m sou facebook oubyen jus voye yon mesaj teks sou nimewo sa a (+509) 3782-3903. Mesi pou vizit nou sou blog la. (-_-)
Mesaj ekri pa JGB!