-_-- I --_-
Non non, nn non ye, non non,
Machann konbyen w vann bèso
Mwen pral papa trè byento
Nouvè l sa fè tansyon m monte byen wo
Map mennen on vi chomeko, bagay sa rèd ooo
M sot konpoze nan filo, tout projè m tonbe nan dlo
Talè m gen yon fanm ki pral kage sou do
M oblije repanse bagay yo
M pa konn sa m pral di manman m
Pou vagabon l pral pran m
Se nan fanm mwen pase tan m an an
Li pap pè pou l kase dan m
E l ap mete m deyò
M pa menm bezwen pèdi tan m
Tout zanmi m yo, mwen wè yo tout la
Yo tout te kandida eeee
-_-- Refren --_-
Wanito m vle parenn, tanpri tanpri ban m parenn
Wanito m vle parenn, tanpri tanpri ban m parenn
-_-- II --_-
M al kay matant losita, li abite delmas 33
Lè mwen di l sa l gentan fe wondonmon, si m gen fam gros se afe m ki bon
M kouri m travèse lari a, tèlman m te santi m tèt anba
machin ap klaksonnen se pa pou mwen sa
tèlman m tap panse ak bebe a
Ou wè manman l mete l deyò m ale avè l andeyò
Pou n al chache lavi miyò
Lè m rive yo ban m manchèt
yon kabann kat pikèt
Yon chanm kay ki san fenèt
Tifi a tonbe kriye, l ap gade m k ap sekle
Jaden mayi m ap plante
solèy cho ko m ap pike m
Fomi tonbe mode m, m pa g'on zanmi k pou ede m
se lè sa li di l gen tranche, sou fèy bwa li kouche
Se la l pral akouche (kri...)
2 men nan tèt map rele, se lè sa m reveye
Se nan dòmi mwen te ye,
Ou wo, ou wo, ou wo
Gad'on rev ti mesye, sa se yon kochma ti mesye
Le m reveye m delivre ti mesye, ti mesye, ti mesye
---III---
Tout zanmi m yo te la, telman yo te la, yo tout te kandida (bis)
---Refren---
Wanito m vle parenn, tanpri tanpri ban m parenn
Wanito m vle parenn, tanpri tanpri ban m parenn
---IV---
Gras a Dye sa pa rive, m poko pre m pa pre
pou m gen yon pitit tande
Men le m a gen posibilite
Mwen pap pe fe yon bel pitit tande
Mwen pap tet chaje, okontre m ap fete,
Tout zanmi m envite, sa k pral rele m sou kote
Kile l'ap batize batize? Fiyel se pou mwen l ye!
-_-- Refren ---_-
Wanito m vle parenn, tanpri tanpri ban m parenn (bis)