paragraf kache


Menu CSS

08/02/2012

Egzamen Toto a!

Toto a eu 0% dans son examen mais je lui aurais donné 100%. Raison, lisez ses réponses vous même: Q1. Dans quelle bataille Napoléon est-il mort? R. Dans sa dernière. Q2. Où a été signé la Déclaration de l'indépendance? R. Au bas de la page. Q3. La rivière Ravi coule dans quel état? R. Liquide. Q4. Quelle est la principale cause du divorce? R. Le mariage...

Gwo Yanm, Gwo Chodyè

Toto ak t-joel kap fe diskisyon, toto di peyim fe pi gwo bagay pasew, ti j-oel di manti, kisa peyi w fe? toto di peyim fe yon yanm li gwose yon peyi.... t-joel di sa pa anyen, peyim fe yon chodye gwose yon monde, toto di sa pou yo fe ak yon chodye konsa,, t-joel di l pou yo bouyi yanm ou la!!!

Laj Pwofesè a

Vwala se te yon profesè ki tap bay 50 dola pou elèv ki konn laj li. Epi se konsa elèv komanse ap bay profesè a laj. Sa kap di mèt ou gen 45, mèt ou gen 35, mèt ou 65... Alafin gen yon elèv ki di: Ah mèt la ou mèt ban m' 50 dola a paske mwen konn laj ou. Mèt la di: Ou pa konnen m', kòman fè ou konn laj mwen? Elèv la reponn: Gen yon moun fou bò lakay la ki gen 39, ou mwen ou anraje, ou gen 40.

Junior Rankontre Enfòmatisyen Yo

Tou moun konnen Jump Drive se yon zouti ke yo itilize nan enfòmatik pou ya sovgade fichye elektronik. Ebyen mesyedam si sete sa nou te konnen, nou chire paske ti mesye Ayiti nou yo se chèn yo fè bagay sa tounen. Tout lajounen ou wè Ti Jòj, Ronal, Janjan ak tout rès yo ak yon jump nan kou yo tout kote yo pase. Lè yo rankontre ak ou, (ta mande Bondye pou ta di ou sot Etazini) yo fou nan kò w' ap mande: 1- Ki denye grenn program ki soti lot bo a? 2- Ou pa gen Photoshop Windows 7 lan? 3- Ou gen anti-viris ki pa bezwen update la? 4- Banm kek program nan baz. Y'ap poze w' yon pakèt kesyon dwòl san sans. Mwa pase Enjenyè Junior te Ayiti, li rankontre ak nèg sa yo nan yon Sibè Kafe. Yo tonbe poze l' kesyon san sans. Junior di yo "mesye m pa gen program". Nèg yo di: A monche ba nou bagay yo non se BLODE ak BLODE, pa blo nou monche. Junior pa bay nèg yo anyen. De nan nèg yo fin dekouraje ap di koman Junior se yon move nèg. O se premye fwa yo wè yon djaspora di konsa. Men Janjan di li menm li pap pèdi batay. Li we Enjenyè Junior ap tchat sou facebook, li gade anwo li gade anba. Li di Junior konsa: Ou pa bezwen ban m' tout program ou genyen. Men, silvouple instale program Facebook la pou mwen. LOL

Tijo Poze Manman Kesyon

Tijo rete konsa li tonbe poze manman li kesyon: "Manman kilès ki te ba ou tele a?" Manman an reponn: "Se kouzin mwen an ki an Frans lan." - "E radyo CD a, manman?" Manman an di: "Radyo sa a se yon ansyen kondisip mwen ki te fè m' kado li pou anivè sè m." - "E frijidè a menm?" Manman an reponn: "Frijidè a se tonton m' nan ki te mouri a ki te fè m' kado li." Tijo di: "Ebyen, papa m' menm pa met anyen nan kay la, si se konsa ?" Manman an reponn: "Papa ou atò pitit. Si se sou li m' tap konte, menm ou menm ou pa tap fèt. Chans pou mwen vwazen an te toujou la." LOL

Koze Moun Fou

 Vwala se te yon nèg ki te gen yon sikyatri (pou moun fou). Yon bon jou misye leve li di: Bon jodi a mwen bezwen wè kilès moun ki pi fou nan sikyatri m' nan. Misye ale nan yon pisinn ki pa gen dlo li di tout moun fou yo al benyen. Mezanmi, moun fou yo kòmanse vole nan pisinn nan. Gen sa tèt kase, pye kase, ponyèt kase. Epi gen yon dènye grenn ki rete kap tranble. Mèt sikyatri a di : Apa ou pa ale ou menm, sa wap fè  la? Misye reponn : aaa patron jan m' wè nèg yo ye anba la, gen lè dlo a frèt anpil. LOL

Kandida

Toto di: Madam papa m' kandida wi. Madanm nan reponn: Pou ki pòs? Toto di: Pou Pòs Machan wi. LOL

Grangou Fè Lòm Entelijan


Se te yon nèg ki te tèlman grangou, misye leve li pa jwenn anyen pou l' manje. Epi te gen yon bon restoran tou prè lakay li a. Misye wè li pa ka kenbe ankò. L'al nan restoran an, misye manje vant deboutonen, lè yo mande misye touche, misye mande pou yo fè l wè ak manadjè restoran an. Lè misye rive, manadjè a fè misye chita, epi misye di manadjè a konsa: Monchè m konnen ou se yon nomm sou katye a ke tout moun respekte, m ta renmen mande w' yon konsèy. Manadjè a di: M'ap tande w. Misye di manadjè a konsa: Si ou ta rete konsa, epi yon nomm mache sou ou li vin ba ou yon souflèt nan figi, epi ou ta al jije ak nonm sa nan tribinal, konbyen kòb amann ou tap mande pou nèg sa a peye? Manadjè restoran an frape lestomak li, li di konsa: Mwen mem, yon nèg ta pèdi pye l' pou li ban mwen yon souflèt, m tap fè nèg sa peye m' $ 10000 amann. Kounya misye tou di manadjè a konsa: E byen ou mèt fout mwen yon bèl souflèt ak tout fòs ou, touche kòb manje a epi bam monen san nou pa bezwen al tribinal... LOL

07/02/2012

Pete Santi

Vwala se yon nèg ki monte yon bus, li chita bò yon granmoun. Mal chans pou granmoun lan misye lage yon pete pichhh!!!!!!! Yon lòt fi sou kote granmoun lan lage yon pete pichh!!! tou.
Gen yon mesye ki di: Sa k' 100 ti konsa?
Granmoun lan repon: 200 ti sa yo kap pete sou moun konsa la, mwen pa konn sa yo manje. LOL