paragraf kache


Menu CSS

08/02/2012

Koze Moun Fou

 Vwala se te yon nèg ki te gen yon sikyatri (pou moun fou). Yon bon jou misye leve li di: Bon jodi a mwen bezwen wè kilès moun ki pi fou nan sikyatri m' nan. Misye ale nan yon pisinn ki pa gen dlo li di tout moun fou yo al benyen. Mezanmi, moun fou yo kòmanse vole nan pisinn nan. Gen sa tèt kase, pye kase, ponyèt kase. Epi gen yon dènye grenn ki rete kap tranble. Mèt sikyatri a di : Apa ou pa ale ou menm, sa wap fè  la? Misye reponn : aaa patron jan m' wè nèg yo ye anba la, gen lè dlo a frèt anpil. LOL

Aucun commentaire: