paragraf kache


Menu CSS

20/01/2012

Lirik J Perry-Dekole Shabba & Izolan


                                      

--__-- Intro --__--
O O O
AAAA Ayiti, a k' gen la a?
Anmwey, Shabba wi
M' gen tan avè w' wi la a
J Perry, oyè oyè, yeah you knooow

Izo fò chizo o, o wè è è
Kote Shabba a, Izo Cheer

--__-- Refren-(J Perry) --__--

M' ta renmen pou peyi m' dekole
(oleo leo leo, dekoleo leo, oleo leo leo)
M' ta renmen pou peyi m' dekole
(oleo leo leo, dekoleo leo, oleo leo leo)

--__-- (Shabba) --__--

Ayiti cheriiii
Sonje lontan w' te lapèldèzantiy (lapèldèzantiy)
Yo maltrete w' bèl ti peyi mwen
Listwa w' pa fini, w'ap reprann figi w'
O O O O O O O O
Kite l' avanse, kite l' dekole
Kite l' avanse, yeah!!!!

--__-- (J Perry) --__--

Fò nou tout chante, eeee!!!
Pou n' di peyi n' fòk li dekole, yeah yeah!!!
Li gen twòp l' kanpe, eee!!!
An nou met tèt ansanm pou n' fè l' mache
O O O O O O
Nou gen bèl plaj bèl sòlèy
Kaskad nou se mèvèy
Peyi sa twò rich pou l' pòv

--__-- Refren-(J Perry) --__--

M' ta renmen wè peyi m' dekole
(oleo leo leo, dekoleo leo, oleo leo leo)
M' ta renmen pou peyi m' dekole
(oleo leo leo, dekoleo leo, oleo leo leo)

--__-- (Izolan) --__--

Si n' vle peyi n' avanse, fòk nou mache tèt kole
Kanpe tout ipokrizi, ak J Perry n'ap dekole
Pwodiksyon peyi n' bese, Touris pè vin vizite n'
Nou tèlman pa viv ansanm, tout lòt nasyon vle imilye n'
Nou sipoze chanje paj, yo fè n' pote tout vye chaj
Ayisyen nou dwe met may, koulè drapo n' nan kenbe l' tayt
Lè yo wè peyi n' chanje, kounya n' pral di oyè oyè oyè oyè oyè

--__-- Refren-(J Perry) --__--

M' ta renmen pou peyi m' dekole...
(oleo leo leo, dekoleo leo, oleo leo leo)
M' ta renmen pou peyi m' dekole
(oleo leo leo, dekoleo leo, oleo leo leo)

--__-- (Shabba) --__--

Se tout jounen y'ap pale nou mal
tout jounen y'ap pale sou do nou
(Pa pale l' mal, non pa pale l' mal
Chak peyi gen pwoblèm pa yo)
Se tout jounen y'ap pale nou mal
tout jounen y'ap pale sou do nou
(Pa pale l' mal, non non)

This is Shabba, J perry,
Haiti for life, Izo fò chizo

--__-- Refren-(J Perry) --__--

M' ta renmen pou peyi m' dekole...
(oleo leo leo, dekoleo leo, oleo leo leo)
M' ta renmen pou peyi m' dekole
(oleo leo leo, dekoleo leo, oleo leo leo)

Dekole, ann ale, ann ale, dekole...

M' ta renmen li dekole, m' ta renmen li dekole

Ekri pa JGB!